ANPLITID AK FAZ: DEZYÈM ÒD I

Sou bò goch la gen yon sistèm resò/mas/absòbè ki la, kote yon piston ap mouvmante l pa anwo.

Ekwasyon ki gouvène sistèm sila parèt an jòn anwo a. Mas la fikse a 1; [b] se konstant amòtisman an, [k] se molès resò a, epi ω se frekans sikilè pou mouvman sinizoyid piston an.

Sou bò dwat la, pozisyon wondèl piston an (ki se siyal antre a cos(ωt)) parèt nan graf la an ble syèl, epi pozisyon mas lan (repons sistèm lan [x]) parèt nan graf la an jòn. Ti lozanj yo endike valè aktyèl pou cos(ωt) e pou [x], epi gen yon liy vètikal blan ant yo ki endike alonjman resò a. Genyen yon liy vètikal gri, kote ke gen yon segman wouj ki mezire l, ki endike delè tan an [t0] (ke nou kapab li l tou an wouj anba nan ekran, pi ba afichaj peyòd [P] an ki an ble syèl).

Lè n woule pwentè a sou fenèt grafik la sa pwodui yon retikil ak yon afichaj pou valè [t] ak [x]. Liy orizontal nan retikil la kontinye nan fenèt ki monte sistèm lan.

Itilize manch glisyè pi ba fenèt grafik la pou w seleksyone valè pou [t]. Anime sistèm lan lè w itilize kle sa a [>>]. Diran animasyon an, kle a chanje pou l vin [||], e si ou seleksyone l, sa ap kanpe animasyon an. Nan fen animasyon an, kle a chanje pou l vin [<<], ki refikse [t] a zewo.

Kenbe glisyè [b], [k], oswa [ω] yo pou w varye paramèt sa yo.

Kle pou [dyagram Bode] yo deklannche afichaj de fenèt sou bò dwa ekran an. Fenèt anlè a afiche anplitid [A] a pou repons sinizoyid la an fonksyon [ω]. Fenèt anba a afiche negatif reta faz [φ] a an fonksyon [ω].

Kle pou [dyagram Nyquist] yo deklannche afichaj yon fenèt nan kwen dwat anba a, ki montre yon pòsyon nan plan konplèks la. Sou li, genyen yon koub gri ki trase trajektwa ke gany konplèks la k / p(iω) (kote [p(s) = s2 + bs + k] se polinom karakteristik la) travèse a pandan [ω] ap varye sou yon valè ki pozitif. Gen yon ti lozanj koulè jòn ki endike valè nonb konplèks sila a pou valè [ω] ou te chwazi an. Gen yon segman liy koulè jòn ki konekte ak orijin lan. Longè segman sila a se anplitid [A] a, epi ang lan ki monte apati aks reyèl pozitif lan, ki make ak yon ark koulè vèt, se -φ.

Woule pwentè a sou fenèt anplitid la pou pèmèt yon liy orizontal jòn parèt nan fenèt la epi nan fenèt grafik la tou, ki pou endike deplasman maksimòm lan, ansanm ak yon afichaj pou valè makimòm sa a.

Woule pwentè a sou fenèt deplasman faz la pou pèmèt yon afichaj deplasman faz la parèt.

Pran nòt: dyagram sila yo pa vrèman dyagram Bode oswa Nyquist tout bon. Yon dyagram Bode trase koub log (A) an fonksyon log(ω) oswa [-φ] an fonksyon log(ω). Yon dyagram Nyquist menm afiche k/p(i ω) pandan ω etann li depi -∞ rive +∞ li gen yon pòsyon anwo aks reyèl la ki simetrik an rapò ak sa ki trase a.

© 2001 H. Hohn ak H. Miller