TRAJEKTWA BALISTIK

Ekwasyon diferansyèl non-lineyè ki gen valè vektoryèl ma = -mg j - b|v|v kontwole trajektwa vòl yon pwojektil ki anba enfliyans yon rezistans lè ki kwadratik. Nan fòmil sa a, m se mas la, g se fòs gravite a, b se konstant pou rezistans lè a, j se inite vektoryèl ki dirije nan sans soti anba rive monte, v se velosite a (yon vektè), |v| se mayitid li, epi a se akselerasyon an (yon lòt vektè).

Glisè yo ki anba fenèt la gen kòm fonksyon pou yo seleksyone valè pou m ak b, epi tou pou vitès inisyal la v0 ak ang θ0 ki dirije anwo pa rapò ak aks orizontal la. Ou kapab seleksyone kondisyon inisyal yo tou avèk yon klik sou fenèt graf la.

Ou ka koumanse yon animasyon si ou peze sou kle [Lanse] a ki anba nèt a dwat la, kanpe l si ou klike sou [Kanpe la], epi kontinye si ou klike sou [kontinye].

Nan fenèt graf la, trajektwa vòl la reprezante an blan. Pwojektil la reprezante avèk yon pwen wouj, epi animasyon an kite dèyè l yon tras ki fèt ak yon dividal pwen wouj ki plase nan menm entèval tan. Velosite inisyal la reprezante avèk yon flèch koulè ble, fòs gravite a menm avèk yon flèch koulè oranj, epi fòs rezistans la avèk yon flèch koulè jòn.

Lè ou woule kisè a, sa pwodui yon retikil ansanm ak yon afichaj pou kòdone x ak y yo.

© 2007 P. Dourmashkin, H. Miller, ak J.-M. Claus