ARITMETIK KONPLÈKS

Yon fenèt byen laj afiche plan konplèks la, ak tout aks reyèl yo, aks imajinè yo epi sèk inite a. Anba fenèt la nou jwenn yon glisyè pou nou fè zoum sou plan an. Lè nou fè souri a woule, retikil la parèt sou plan an ak tout afichaj valè retikil la. Gen 2 oswa 3 nonb konplèks ki pou parèt an ble, an vèt epi kèk fwa an jòn.

Bouton radyo ki anba fenèt grafik la montre nou relasyon ki egziste nan mitan z ak w, ak tout liy konbinezon an, ki parèt an jòn, si nou chwazi fè l. Si nou klike sou yon bouton ki nan premye liy nan (liy anlè a), n ap wè afichaj la ranplase valè [w] a avèk valè kalkil yo bay ki koresponn avèk [z] aktyèl la. Si nou klike sou yon bouton ki nan dezyèm liy nan (liy anba a), sa pèmèt graf la montre nou yon liy jòn ki reprezante konbinezon [z] avèk [w]. Nou ka aktive/dezaktive nenpòt ki bouton nou klike.

Glisyè sou bò dwat yo kontwole valè z = a + bi, yo an ble, epi glisyè vèt yo kontwole valè w = c + di, yo an vèt. Si nou te chwazi yon bouton nan premye liy anlè a, apre sa, nou klike sou plan konplèks la, sa ap pèmèt nou jwenn valè ki pi pre yo pou 2 oswa 3 nonb ki koresponn ak pozisyon retikil la. Si nou trennen souri a, sa ap chanje valè pwen an ak tout valè rezilta lòt nonb yo ki koresponn ak pwen an. Si pa gen okenn bouton ki seleksyone nan premye liy anlè a, enben, lè nou klike se valè ki pi pre valè an ble an ak valè an vèt la n ap jwenn.

© 2015 H. Miller ak H. Petrow