ESPONANSYÈL KONPLÈKS

Nou kapab chwazi yon nonb konplèks z = a + bi, oubyen avèk kisè a oubyen avèk souri a, sou bò gòch fenèt grafik la. Genyen yon dyaman blesyèl ki ap montre nou nonb nou chwazi a. Genyen yon dyaman wouj ki ap montre nou valè zewo a, epi genyen yon liy dwat koulè jòn ki sòti nan 0 a ki rive sou z. Nou kapab chwazi nonb sa a avèk glisyè [a] a oubyen avèk glisyè [b] ki anba a. Lè nou chwazi glisyè [a] a genyen yon liy ble ki ap parèt pou li montre nou kouman z ap deplase anmezi valè a ap chanje. Lè nou chwazi glisyè [a] a genyen yon liy ble ki ap parèt pou li montre nou kouman z ap deplase anmezi valè b ap chanje.

Nan plan grafik ki sou bò dwat la, yo prezante imaj plan ki sou bò gòch la, anba desenkat esponansyèl la, avèk koulè sa yo : wouj, blesyèl, jòn avèk ble, ki koresponn avèk chak aspè yo vle montre nan plan gòch la.

Sèvi avèk glisyè [t] a pou nou fè z deplase sòti 0 rive sou a + bi etan ez ap deplase sou yon aspiral ki sòti nan 1 pou rive sou ea+bi.

© 2001 H. Hohn ak H. Miller