KREYE DERIVE A

Obsève relasyon ki genyen ant yon fonksyon, ak premye derive l, epi ak dezyèm derive l. Itilize afichaj kòdone an pou w estime pant koub yo.

Gen yon meni dewoulan ki genyen chwa ladan l pou fonksyon f(x), kote graf li parèt an liy pal nan fenèt grafik la.

Ou ka chwazi valè [x] lè w itilize glisyè ki anba fenèt la. Kle [>>] inisye yon animasyon, pandan l ap ogmante valè [x] ti kal pa ti kal. Kle [<<] reajiste [x] nan valè minimòm li.

Graf f(x) parèt an ble maren. Bwat tchèk yo aktive afichaj pou liy tanjant la ansanm ak parabòl apwoksimasyon an.

Gen yon afichaj ki montre valè aktyèl pou f(x), f’(x), ak f”(x), si ou seleksyone l.

Si w woule pwentè a sou fenèt grafik la, sa ap kreye yon retikil ansanm ak afichaj valè [x] ak [y] yo. Si w peze kle manèt la, sa ap retire afichaj sila a.

© 2010 H. Miller, H. Burgiel, ak J.-M. Claus