AMÒTISMAN VIBRASYON

Fenèt graf ki anlè sou bò dwat la afiche solisyon ekwasyon diferansyèl sa a : mx'' + bx' + kx = 0 . Nou ka chwazi pozisyon nou vle nan graf la avèk glisyè tan an ki anba fenèt la. Kle [>>] ap demare animasyon an. Kle [<<] ap remete varyab t a sou valè t = 0. Lè nou woule kisè a sou fenèt sa a, sa pèmèt aplèt la kreye yon retikil ak tout yon afichaj pou valè t ansanm ak valè x .

Yon dyaman jòn nan fenèt sou bò gòch la reprezante kondisyon depa a nan plan faz (x', x) la. Trajektwa (x', x) la parèt nan plan faz la tou (yo fikse yon limit 10 vibrasyon pou resò a, 10 anvan t = 0, epi 10 lòt apre t = 0 lè amòtisman an febli). Dyaman jòn nan ap deplase sou trajektwa a etan tan an ap varye.

Nou ka fikse kondisyon depa yo avèk dyaman jòn nan ke nou ka trennen oubyen avèk glisyè ki anba yo, sou bò gòch nan fenèt plan faz la.

Kle [Konekte dyagram yo] ap aktive yon liy jòn pal ki pral konekte pwen ki nan plan (x', x) la avèk yon pwen ki mache avèk li a nan graf la. Yon glisyè anba kle sa a ap kontwole kalite zoum nan pou x avèk pou x' , apre sa, nou ka wè valè maksimòm x ak valè maksimòm x' parèt sou bò dwat glisyè a.

Glisyè ki nan kwen gòch anba a ap kontwole valè m valè b ansanm ak valè k .

Lè nou klike sou kle [Rasin yo], sa pèmèt aplèt la aktive afichaj rasin n ap jwenn pou polinòm tipik sa a: p(s) = ms2 + bs + k, ak tout valè ki mache avèk li yo. Valè rasin yo ap parèt nan kwen anba a sou bò dwat, an vèt si nonb yo se nonb konplèks, an ble si nonb yo se nonb reyèl ki distenk, epi an wouj si se menm valè reyèl yo ki repete.

© 2008 H. Hohn, H. Miller, ak J.-M. Claus