METÒD EULER

Nou kapab chwazi yon EDÒ(Ekwasyon Diferansyèl Òdinè) avèk bouton pòpdawoun nan [v] anba a sou bò dwat. Kle [Chan Pant] la pèmèt nou kontwole entansite chan an. Li ka pase sou twa pozisyon : blan, gri oubyen anyen.

Nou kapab chwazi yon longèpa apati kolonn kle ki anba a. Lè nou chwazi [Aktyèl], sa pèmèt aplèt la desinen yon solisyon RK4 avèk yon ti longèpa; [Tout Euler] pral pèmèt aplèt la desinen poligòn Euler yo pou tout kat (4) longèpa yo jwenn yo.

Nou kapab li valè x, valè y avèk F(x,y) sou bò dwat ekran an. Klike ap pèmèt nou fikse kondisyon depa a. Valè aktyèl yo pou x ansam avèk y pral sèvi valè kondisyon depa, yo ka li yo tankou x0, y0 sou bò dwat la epi nan tèt kolonn valè ki sou bò gòch la. Lè nou woule kisè a sou fenèt grafik la, sa pèmèt aplèt la afiche vektè ( i + F(x,y) j ) h la kote h se longèpa a.

Lè nou klike sou [Derape], sa pèmèt aplèt kòmanse konstriksyon poligòn Euler la. Aplèt la pral desinen pwochen bout dwat poligòn nan, li ap tou afiche kòdone nouvo somè a sou anba nan kolonn valè sou bò gòch la, libele bouton an pral vin bay [Pwochen Etap]. Lè nou reklike sou bouton [Pwochen Etap] la, sa pèmèt aplèt la kontinye konstriksyon poligòn Euler la.

Lè nou klike sou [Netwaye], sa ap pèmèt aplèt la vide ekran an nèt anwetan valè kondisyon depa yo ki ap rete.

Lè nou klike sou [Zoum], sa ap pèmèt aplèt la chanje nechèl afichaj la.

© 2001 H. Hohn ak H. Miller