KOYEFISYAN FOURIER

Kle [Fòmil] la aktive afichaj pou fòmil ki defini koyefisyan Fourier an ak bn yo. Kle [Sinis] ak [Kosinis] yo pèmèt ou seleksyone ant seri sinis oswa seri kosinis. Anndan chak chwa sila yo, kle [Tout tèm], [tèm Enpè], ak [tèm Pè] yo mete restriksyon sou tèm yo selon sa kle yo di. Lè sa posib, valè pou tèm yo ava rete prezève anba kondisyon chanjman sila yo, pandan tèm ki pèdi yo ap ale a zewo.

Itilize glisyè sou bò dwat yo pou w seleksyone valè pou koyefisyan sila yo. Itilize kle [<] ak [>] pou ti ajisteman yo. Sòm tout tèm ki seleksyone yo parèt an jòn, epi nouvo tèm nan seri Fourier yo parèt an gri pandan ou peze sou kle manèt la.

Itilize kle [Redemare] a pou w remete tout koyesyan yo a zewo.

Itilize kle [A] - [G] yo pou w seleksyone yon fonksyon “sibl”, ki parèt an vèt.

Seleksyone [Distans] pou montre valè Mwayèn Kwadratik distans lan ant seleksyon sòm Fourier fini an ak fonksyon sibl la.

© 2001 H. Hohn ak H. Miller