KOYEFISYAN FOURIER : KONPLÈKS AVÈK SON

Koyefisyan cn nan yon seri Fourier konplèks

f(t) = ... + c-2 e-4 i π ν t + c-1 e-2 i π ν t + c0 + c1e 2 i π ν t + c2 e4 i π ν t + ....

Nou ka chwazi koyefisyan cn yo pou seri Fourier konplèks la apati fenèt ki anba yo. Fenèt ki nan kwen dwat anba yo kenbe valè |cn| avèk valè Arg(cn) ansanm avèk dyaman jòn yo anplis ba vètikal yo. Dyaman an avèk ba vètikal ki mache avèk valè n nou chwazi yo ap parèt an gri. Lè nou klike sou nenpòt nan fenèt anba yo sou bò dwat la, sa ap pèmèt aplèt la defini yon valè pou n , epi yon valè pou |cn| oubyen Arg(cn). Nou ka kontwole valè sa yo avèk glisyè ki sou bò gòch yo tou.

Fenèt ki anba sou bò gòch la kenbe valè cn ki nan plan konplèks la, epi tou nou ka klike sou fenèt sa a oubyen trennen kisè a sou li pou nou chanje valè cn yo.

Glisyè ki anba sou bò dwat la pèmèt nou bay paramèt φ a valè. Fenèt pou graf ki nan tèt ekran an afiche graf pou fonksyon Re(e-i φ f(t)). Kon sa si φ = 0 , aplèt la ap afiche pati reyèl f(t) a, yon lòt bò si φ = π / 2, se pati imajinè f(t) a aplèt la ap afiche. Liy vètikal wouj yo nan fenèt sa a gen 2 pwen ki make pozisyon kote t = -L avèk kote t = +L , epi tou kote L = 1 / (2ν), kon sa 2L reprezante peryòd la. Lè nou woule kisè a, sa lakòz aplèt la jenere yon retikil avèk yon afichaj kote nou ka li valè t ansanm ak valè x.

Nan tèt ekran an, kle [f(t) reyèl] la pèmèt aplèt la mete restriksyon sou valè koyefisyan yo dekwa pou f(t) ka pran valè yon nonb reyèl. Lè nou chwazi [f(t) reyèl], aplèt la reyajiste valè c-n nan pou li vin egal konjige konplèks cn nan.

Glisyè anwo nèt la pèmèt nou ajiste valè frekans v a an kilohertz.

Anlè nèt sou bò dwat, kle [Re-demare] a pèmèt nou remete valè tout koyefisyan yo sou zewo.

Kle [Jwe]/[Poze] a pèmèt aplèt la aktive oswa kanpe son an. Frekans son an se [v] kilohertz.

Se pou nou asire nou volim wopalè a ba lè nou chwazi [Jwe]. Epi tou fòk nou veye si osiyasyon sinis yo p ap pote plis enèji pase jan son yo ap sòti a. Epi tou si nou rete lontan ak yon kas ekout nan tèt nou, sa ka andomaje zòrèy nou.

© 2008 H. Miller ak J.-M. Claus