KARAKTERISTIK GRAF YO

Chache wè ki kote graf yon fonksyon kibik gen fòm konkav oubyen fòm konvèks; ki kote l ap monte, ki kote l ap desann; ki kote ekstremòm yo ye; ki kote enfleksyon yo ye. Ajiste koyefisyan yo pou polinòm nan dekwa pou graf la ka koresponn ak espesifikasyon nou yo.

Nan yon fenèt grafik n ap wè graf fonksyon f(x) = ax3 + bx2 + cx + d. Glisyè anlè sou bò dwat la pèmèt aplèt la kontwole valè a , b , c , epi d. Yon glisyè anba fenèt la pèmèt aplèt la kontwole valè x, yon dyaman blan siyale nou ki pwen, sou graf la, ki koresponn avèk x, epi yon ba vètikal pal ap konekte pozisyon glisyè a avèk pwen (x, y) sou graf la.

Dyaman vyolèt yo montre pwen ekstrèm yo epi dyaman ble maren yo ap siyale nou pwen enfleksyon yo.

Kaz Seleksyon yo pèmèt nou mete plis limyè sou pati nan graf la ki gen konpòtman sa yo : File Monte (jòn), File Desann (vèt), Konkav (oranj), Konvèks (wouj).

Ekspresyon f(x) la ap parèt ansanm ak valè f(x) pou x nou te chwazi a.

Lè nou woule souri a sou fenèt grafik la, sa pèmèt aplèt la kreye yon retikil ak tout yon afichaj kote nou ka li valè x ak valè y. Lè nou peze sou souri a, oswa nou retire souri a nan espas fenèt graf la, afichaj la disparèt.

© 2010 H. Miller, H. Burgiel, ak J.-M. Claus