IZOKLIN

Nou ka chwazi yon ekwasyon diferansyèl avèk meni dewoulan [v].

Lè nou mete kisè a sou fenèt grafik la, aplèt la ap afiche kòdone pwen yo pou nou. Lè nou kenbe bouton souri a sou fenèt grafik la, aplèt la ap afiche yon solisyon avèk kondisyon depa li pou nou. Nou ka pase sou lòt solisyon avèk deplasman kisè a etan nou kenbe bouton souri a. Solisyon an ap rete la menmsi nou lage souri a.

Nou kapab ajiste klate chan pant la sou klè, sou dim oubyen sou Òf avèk bwat [Chan pant] la.

Pran glisyè [m] nan pou aplèt la ka afiche izoklin yo. Lè nou lage glisyè izoklin nan ap rete nan fenèt grafik la.

Pi fò ekwasyon diferansyèl yo gen yon paramèt a nou ka fikse avèk yon glisyè. Lè nou deplase glisyè a, izoklin yo ak tout koub soulisyon yo vin ajiste sou nouvo vale paramèt la.

Avèk kley yo ki anba a, nou kapab efase solisyon yo, izoklin yo, oubyen tou de ansanm.

Sa a se yon adaptasyon zouti Izoklin ki nan “Interactive Differential Equations”, IDE, pwodiksyon Addison Wesley, otè sa yo kreye: Hohn, Cantwell, West, McDill, avèk Strogatz.

© 2001-2015 H. Hohn ak H. Miller