REGRESYON LINEYÈ

Aplèt sa a ap apwofondi ajisteman polinòm sou done apati kalkil kare minimòm nan regresyon lineyè. Itilizatè a ka wè koub ajisteman an pou kare minimòm li kalkile yo oubyen tou li ka prevwa yon koub ajisteman polinòm epi konpare l avèk koub ajisteman pou kare minimòm yo. Gen plizyè metòd ki ka sèvi pou antre nouvo done oswa pou kreye nouvo done.

Modèl done a
Aplèt sa a itilize yon modèl ki admèt yo bay x nenpòt valè epi li mache ak yon ekwasyon ki pati konsa

y = P(x) + e,

kote P(x) se yon polinòm ki gen yon ran byen presi, epi e se yon devyasyon azabanal pou P(x) ki gen yon mwayèn ki egal 0 san rapò avèk x. Nou sipoze ke yo te tire chak done pwen e yo yon fason pou youn pa gen rapò ak lòt, anndan menm distribisyon an.

Objektif koub ajisteman kare minimòm yo se jwenn ki polinòm Pb(x) k ap pi byen antre nan done yo.

Polinòm
Aplèt la sèvi ak twa polinòm :

Gen sèten eleman ki toujou prezan, epi konpòtman yo pa gen rapò avèk dewoulman aplèt la.

Lòt kontwòl yo ka chanje dewoulman aplèt la. Yo kontwole sa ki pou parèt nan graf yo, kiyès nan koyefisyan yo glisyè-b a kontwole epi ki jan pou yo ajoute nouvo done bay aplèt la.

Vizibilite graf yo ansanm ak divès afichèt erè yo

Kreyasyon done

Gen plizyè fason nou ka kreye nouvo done nan aplèt la. Nou ka efase yo tou.

Mwayèn kare erè a sòti nan Σei2/n. Sa vle di, Σ ej2/n = Σ (yj - P(xj))2/n kote P(x) kapab se Pb oswa Pg.
Lè se bwat kontwòl Afiche pi bon ajisteman an ki tcheke, enben mwayèn kare erè pou pi bon ajisteman an ap parèt an vèt. Konsa tou, si se bwat kontwòl afiche previzyon koub daplon an ki tcheke enben mwayèn kare erè pou previzyon koub daplon an ap parèt ak koulè oranj.

© 2014 J. Orloff, H. Miller, J. Claus, ak H. Petrow