VEKTÈ MATRIS

Itilize glisyè sou bò dwat la pou w chwazi eleman poumatris A a.

Yon "Vektè antre" [v] parèt an ble syèl nan fenèt grafik la, epi "vektè sòti" a [Av] parèt an jòn. Ou ka li kòdone pou tou de vektè sila yo nan kwen dwat anwo a.

Kontwole vektè antre a swa pandan w ap trennen l nan plan grafik la, oswa lè ou fikse kòdone rektangilè yo kote w ap itilize glisyè sou bò gòch e anba fenèt grafik la, oswa tou lè ou fikse kòdone polè li yo kote w ap itlize glisyè [r] ak [θ] ki anba a.

Ti kazye yo ki nan kwen dwat pi ba a ap pèmèt ou montre valè pwòp yo epi, si valè pwòp yo reyèl, w ap ka montre liy pwòp yo tou. Si ou chwazi montre liy pwòp yo, yon lòt ti kazye ap kreye yon vizyalizasyon pou dekonpozisyon ni vektè antre ni vektè sòti yo tankou yon konbinezon lineyè vektè pwòp. Paralelogram somasyon yo tou parèt la.

© 2001 H. Hohn, H. Miller, J. Orloff, ak J.-M. Claus