GRAF FONKSYON RASYONÈL

Genyen yon fenèt pou grafik nan pati gòch sou anwo nan fenèt la. Gen twa bwat kontwòl pou afichaj la. Si se [Afiche Graf] ou chwazi, graf ki ale ak fonksyon rasyonèl ou chwazi a ap parèt an jòn, epi yon pwen ble ap make zewo yo pou fonksyon rasyonèl sa a. Si se [Afiche Asenptòt Vètikal] ou chwazi, asenptòt vètikal la yo pou fonksyon sa a ap parèt an vèt. Si ou chwazi [Afiche Fòmil], fòmil ki ale ak fonksyon rasyonèl la f(x) ap parèt tou kole anba bwat kontwòl yo.

Pòl yo ak zewo yo gen mak yo nan yon dwat nimerik anba fenèt grafik la – [x] yo reprezante pòl yo, [o] yo reprezante zewo yo. Klike kisè sou dwat nimerik la yo ap pèmèt ou chwazi pòl oswa zewo ki pi pre a. Ou ka toujou glise kisè a pou ou repozisyone sa ou chwazi a.

Ajoute yon pòl oswa yon zewo (pou rive yon maksimòm 4 pou chak) lè ou klike sou bon bouton radyo a ki nan kwen dwat sou anwo nan ekran an, epi mete l nan pozisyon ou vle a lè ou klike sou dwat nimerik lan.

Pou w efase yon pòl oswa yon zewo, chwazi youn nan bouton radyo yo ki nan kwen dwat sou anwo nan ekran an; apre sa klike sou dwat nimerik lan pou w efase pòl oswa zewo ki pi pre a.

Fè kisè a woule sou fenèt grafik la ap kreye yon afichaj pou valè x, y ak tout yon retikil (ke ou ka elimine afichaj sa a, si ou annik peze manèt la) souri a.

© 2014 H. Miller ak H. Petrow