APWOKSIMASYON SEKANT

Nou kapab chwazi yon valè pou x, apre sa, sèvi avèk afichaj kòdone yo pou nou kalkile ki pant ke liy sekant yo fè avèk yon graf, oubyen nou kapab ajiste valè Δx etan òdinatè a ap kalkile epi afiche sekant la. Remake : etan Δx ap desann, liy sekant la ap pwoche pi pre liy tanjant la.

Yon fenèt grafik ap afiche, an ble maren, graf fonksyon f(x) nou te chwazi nan meni dewoulan anba a. Yon glisyè ap pèmèt nou kontwole valè x la, epi pwen (x, f(x)) la parèt sou graf la sou fòm yon dyaman wouj ki gen rapò avèk glisyè x la apati yon liy vètikal wouj pal.

Yon kaz seleksyon ap pèmèt nou afiche liy tanjant la, an wouj, ak yon afichaj, an wouj tou, pou valè dy/dx nan pozisyon x nou te chwazi a.

Gen yon dezyèm kaz seleksyon ki pèmèt aplèt la afiche plizyè eleman, yo tout an jòn. Yon glisyè ki santre sou valè x nou chwazi a ap pèmèt nou kontwole valè Δx; yon dyaman jòn sou graf la delimite pou nou (x + Δx, f(x+Δx)), epi li konekte tou avèk pozisyon glisyè Δx avèk yon liy vètikal pal; epi valè Δy/Δx parèt nan yon afichaj sou anba.

Lè nou woule souri a sou fenèt grafik la, sa pèmèt aplèt la kreye yon retikil ak tout yon afichaj kote nou ka li valè x ak valè y. Lè nou peze sou souri a, oswa nou retire souri a nan espas fenèt graf la, afichaj la disparèt.

© 2010 H. Miller, H. Burgiel, ak J.-M. Claus