SIKUI RLC AN SERI

Nou ka kontwole paramèt yo pou yon sikui RLC ki gen yon siyal sinizoyid k ap mennen l, lè nou sèvi avèk glisyè yo ki anba sou bò dwat yo: rezistans R, endiktans L, kapasitans C, vòltaj maksimòm V0sub> pou sous la, epi frekans sikilè ω. Valè ki seleksyone a afiche sou bò dwat glisyè a. Vòltaj sous la defini selon V = V0sin(ωt).

Bwat tchèk ki sou bò gòch glisyè yo aktive prezans yon rezistò, yon bobin endiktans, ep yon kapasitò. Pi lwen sou bò dwat la, n ap jwenn bwat tchèk ki ka aktive reprezantasyon chit vòltaj yo lè w travèse rezistò a, bobin lan, epi kapasitò a, ogmantasyon vòltaj la atravè sous vòltaj la, epi tou kouran an ki pase nan sikui a. Chak bwat yo pèmèt twa reglaj: nwa, ki kite kantite a san reprezantasyon, gri pal, ki lakòz kantite a vin reprezante avèk menm koulè a; jòn sitwon (pou VR), jòn abriko (pou VL), wouj (pou VC), ble syèl (pou sous vòltaj la), oswa vèt (pou kouran an).

Reprezantasyon an fèt nan twa plas. Anba sou bò gòch, se la sikui a reprezante. Lè w itilize yon bwat tchèk pou w retire elman sikui a, reprezantasyon l nan dyagram sikui a tou sòti tou. Lè w mande pou valè chit oswa ogmantasyon vòltaj la, gen fil konektè ki parèt nan kote ki apwopriye pou sa epi yon flèch de tèt tou parèt tou, li gen koulè ki apwopriye tou epi l endike espas atravè mezi vòltaj la.

Anwo nèt sou bò dwat la gen yon fenèt grafik ki montre graf pou yon varyete fonksyon tan. Itilize manch glisyè ki anba fenèt grafik la pou w seleksyone yon valè pou [t]. Ou ka anime sistèm lan lè w itilize kle [>>]. Pandan animasyon an, kle a vin chanje an [||], epi si ou seleksyone li, sa ava kanpe animasyon an. Nan fen animasyon an, kle an vin chanje an [<<], ki remete l a zewo. Gen yon echèl an mezi vòlt ki parèt a gòch, epi (si ou aktive l) gen yon yon echèl an mezi Ampère ki parèt a dwat. Si w woule pwentè a sou li, sa ap kreye kèk retikil ak afichaj pou valè tan an ak "x" (vòltaj, ak anperaj si sa apwopriye).

Kle [dyagram Fazò] a aktive afichaj yon dyagram fazò anwo nèt sou bò gòch la. Yon fwa ou seleksyone l, l ap ba ou yon twazyèm reprezantasyon pou chit vòltaj yo ak kouran an. Se swa vektè yo absan, swa yo an liy pal, oswa yo kolore, selon seleksyon ki te fèt anba nèt sou bò dwat la. Vektè yo an wotasyon pandan tan an ap ogmante. Pati imajinè yo nan nonb konplèks fazò yo se valè ki koresponn ak fonksyon sistèm yo. Relasyon sila a endike tankou yon liy orizontal pal ke kle [Relate dyagram yo] aktive.

Ekwasyon yo ki kontwole chit vòltaj yo se:

L VC" + R VC' + (1/C) VC = (1/C) V

L VR" + R VR' + (1/C) VR = R V '

L VL" + R VL' + (1/C) VL = L V "

Twa chit vòltaj yo relate ak V, ki se ogmantasyon vòltaj atravè sous la, kon sa

VL + VR + VC = V

Kouran [I] an satisfè ekwasyon:

L I " + R I ' + (1/C) I = V '

Nan tout ka yo, se sèlman eta estab yo, repons peryodik yo ki parèt.

© 2007 P. Dourmashkin, H. Miller ak J.-M. Claus