SIBL SOLISYON YO

Fenèt grafik la montre chan direksyonèl pou yon ekwasyon diferansyèl ke ou kapab seleksyone a pati meni dewoulan an [v].

Lè nou nan modalite pou 'fikse yon sibl' la, kòdone yo parèt pou klikè a an ble syèl kote ki make 'sibl' la. Klike sou fenèt la pou w depoze yon sibl ble syèl an fòm kare. Sa vin chanje modalite a an 'tabli kondisyon depa' yo. Apre sa w ap ka li pozisyon klikè a an blan. Si ou klike sou fenèt la ankò, sa ap tabli kondisyon depa pou koub yon entegral ki ap trase an jòn. Si koub la pase nan sibl la, l ap vin koulè vèt.

Ou ka efase koub solisyon yo si w itilize kle [Efase Koub yo]. Retounen nan modalite pou 'fikse yon sibl' lè w itilize kle [Fikse Sibl] la.

© 2001 H. Hohn ak H. Miller