POLINÒM TAYLOR

Fenèt prensipal la montre nou graf yon fonksyon, an ble maren, ki parèt ansanm avèk graf youn nan polinòm Taylor li yo, an jòn. Nou ka chwazi pwen x = a, kote ekspansyon polinòm lan ap fèt la, lè nou kenbe glisyè a epi tou nou ka derape animasyon pou chwa sila lè nou itilize kle [>>]. Pandan animasyon an kòmanse, kle an vin chanje an [||], epi si nou seleksyone li, sa ava kanpe animasyon an. Nan fen animasyon an, kle an vin chanje an [<<], ki remete l a zewo.

Lè nou woule kisè a sou fenèt grafik la, sa pèmèt aplèt la kreye yon retikil ak tout yon afichaj kote nou ka li kòdone yo.

Nou ka chwazi yon fonksyon nan meni dewoulan [v] a.

Nou ka chwazi degre polinòm Taylor la avèk glisyè n nan.

Bouton seleksyon [Fòmil yo] ap pèmèt nou afiche osnon kache yon ekspresyon pou polinòm Taylor la.

Bouton seleksyon [Tèm yo] ap pèmèt nou afiche osnon kache afichaj tèm nou jwenn pou polinòm Taylor p(x) nou chwazi a.

© 2001 H. Hohn ak H. Miller