PÒTRÈ FAZ LINEYÈ: ANTRE KLIKÈ

Fenèt grafik sou bò dwat la afiche kèk trajektwa pou sistèm lineyè x' = Ax la. Anba fenèt la w ap wè non pòtrè faz la parèt, ansanm ak matris [A] a ak valè pwòp [A] yo.

ou w kontwole matris la, ou regle tras la ak detèminan an lè ou trennen klikè a sou dyagram ki anba sou bò gòch la oswa lè w rale glisyè yo ki anba a oubyen a gòch dyagram sa a. Seleksyone pami matris yo pou tèl tras ak detèminan lè w trennen klikè a sou fenèt ki anwo nèt sou bò gòch la, oswa lè w rale glisyè ki anba e sou bò gòch yo fenèt sa a. Glisyè anba a konjige matris [A] a an yon matris wotasyon; efè a se pou wote pòtrè faz la. Glisyè a gòch la kontwole “asimetri” matris [A] a, mwatye diferans ant antre ki pa nan dyagonal la. Lè valè pwòp yo pa reyèl, asimetri a se o mwen pati imajinè valè pwòp yo an valè absoli, kon sa fenèt anwo nèt sou bò gòch la fann an de pòsyon (ki koresponn ak espiral nan menm sans oswa nan sans envès egui yon mont).

Peze kle manèt la anwo fenèt grafik la pou w afiche trajektwa atravè pwen sa a. Ou kapab trennen trajektwa a lè w bouje klikè a pandan kle manèt la tou ret peze. Lè w lage li, sa ap fè trajektwa a rete an plas. Klike sou [Netwaye] pou w ka retire tout trajektwa yo.

© 2001 H. Hohn ak H. Miller