CHAN VEKTORYÈL

Ou ka seleksyone yon sistèm otonòm lè ou itilize meni dewoulan ki sou bò dwat la. Kèk seleksyon gen paramèt ke ou ka fikse avèk glisyè ki an wo sou bò dwat la.

Fenèt grafik sou bò gòch la montre yon pòsyon nan chan vektoryèl ki seleksyone a, epi trajektwa (an ble syèl) ki pase atravè yon pwen inisyal la (ki make an wouj). Ou kapab anime mouvman tout solisyon ki pakouri trajektwa sila a si ou sèvi avèk kle [>>] sa a osnon ou ka itilize glisyè pou tan an. Kle [<<] sa a rebise t = -15.

Lè w woule manèt la sou fenèt grafik la, sa afiche valè x ak y yo. Avèk seleksyon [Fikse pwen] an fèt, si ou peze sou kle manèt la, sa ap kreye yon pòsyon nan trajektwa ki pase atravè pwen wouj la, ki ap kanpe la lè ou lage kle manèt la. Avèk seleksyon [Trennen aks yo], w ap kapab trennen chan vektoryèl la depi w peze sou kle manèt la.

Gen yon glisyè an ba sou bò gòch la ki kontwole yon karakterisk zoum ki afekte ni fenèt grafik la ni aks vètikal yo ki nan fenèt pwojeniti seri tan yo.

© 2009 H. Miller, D. Jerison, ak J.-M. Claus